Ogni comportamento, ogni gesto, ha la sua importanza per combattere la miseria e l'esclusione. Esistono diversi modi di agire, qualunque siano le nostre competenze e disponibilità. Questi messaggi, queste testimonianze, sono tanto l'espressione di un impegno personale quanto di uno collettivo. Non esitate ad apportare il vostro contributo.

Le testimonianze sono pubblicate sotto la responsabilità dei loro autori. Verranno pubblicate solo se rispettano nella forma e nel contenuto lo spirito della giornata, cosi come viene definito nella Plateforme pour le 17 octobre.

M ap pale nan non fanmi yo ki patisipe nan aktivite kominotè, ki te pran tan pou pataje ak nou tout lit yo mennen pou kenbe fanmi yo malgre sousi lavi a

M ap pale nan non fanmi yo ki patisipe nan aktivite kominotè, ki te pran tan pou pataje ak nou tout lit yo mennen pou kenbe fanmi yo malgre sousi lavi a.

Malgre move sityasyon n ap viv, nou menm paran, nou pap sispann lite pou kenbe fanmi an. Defwa difikilte lavi a konn separe nou ak timoun nou yo. Se kè n k ap dechire lè nou anfas sityasyon sa a.

Menm si sityasyon vle depase nou, n ap kontinye goumen.

Nou gen anpil detèminasyon pou bay timoun nou yo lavi.

Depi nou gentan fin fè timoun yo, nou tou prè pou n sakrifye vi nou pou yo. Lè pitit nou yo pa ansante, kè nou pa an pè, nou pa janm alèz. Nou te konn santi nou wont anpil lè n ap mache nan lari ak pitit nou pou jan li te mal. Gen moun ki konn di nou : kite timoun sa a mouri, n'ap fè yon sèl depans... oswa : kite l lopital !

Malgre imiliasyon ak desepsyon nou sibi , nou di : non ! Gen kote ki bon, gen kote nou kapab jwenn swen. Nou kapab chape l. N ap bat mizè avèk pitit nou yo.

Kelkeswa jan sa ye, nou mete kò nou deyò paske fòk timoun yo jwenn yon bagay. Menm lè gen tire, lapli, gwo van, nou nan lari. Kelkeswa sa nou jwenn, nou fè : nou fè lesiv, nou refè pèpè, nou vann kenèp, nou vann mango, nou vann mabi, nou vann fèy, nou vann dlo, paske chita pa bay.

Lavi nan lari pa dous. Defwa yo konn kase ponyèt nou, prann tout sa nou genyen. Presyon lavi a konn fè nou gen anpil strès. Gen nan nou ki konn viktim, menm rive mouri.

Malgre tout mizè sa yo nou pa rete sou kont moun. Nou pa vle pèdi diyite nou paske diyite nou, se fyète nou.

Lè nou patisipe nan aktivite ak lòt paran yo, nou jwenn fòs, nou echanje youn ak lòt, nou pataje eksperyans nou, youn ankouraje lòt. Sa pote anpil chanjman lakay nou. Nou jwenn plis fòs pou goumen ak timoun nou yo.

Nou menm manman, se poto mitan. Nou se manman. Anpil fwa, nou jwe wòl papa tou paske li pi fasil pou papa yo abandone kay la. Gen nan timoun yo se lè yo gran yo konn papa yo.

Malgre tou gen papa ki fè anpil jefò pou sipòte fwaye yo. Gen ladann yo ki jwe wòl manman tou.

Nou menm paran, nou goumen anpil pou nou kapab voye timoun nou yo lekòl, paske moso ledikasyon se sèl zam k ap pèmet yo jwenn plas yo nan sosyete a.

Sa rive gen nan pitit nou yo ki pa rete lekòl. Yo kanpe nan wout menm si nou te fè tou sa nou te kapab. Men nou kontinye goumen pou lòt yo.

N ap ankouraje tout moun pou yo kenbe fèm nan lespwa yon jou sa ka chanje.

p { margin-bottom: 0.21cm; direction: ltr; color: rgb(0, 0, 0); }

This testimony is linked to the event: 
Une commémoration en trois lieux
Parents réunis dans diverses activités communautaires du mouvement ATD Quart Monde en Haïti